29 Li pann wa Ayi a sou yon poto* e li kite l la pou jis aswè. Epi, kòm solèy t apral kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav la sou poto a+. Apre sa, yo voye l jete devan pòtay vil la e yo mete yon gwo pil wòch sou li, ki la jis jodi a.
31 Piske se te jou Preparasyon an+, pou kadav yo pa t rete sou poto yo+ nan jou saba a (paske jou saba sa a se te yon gran jou saba+), Juif yo mande Pilat pou l fè kase janm moun yo e pou yo retire kadav yo.