BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 15:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 Pèsonn pami nou pa sipoze vin pòv, paske Jewova pap manke pa beni nou+ nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj la,

  • Detewonòm 15:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 “Si yon frè nou ta vin pòv nan youn nan vil nou yo, nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, nou pa dwe fè kè nou di, ni nou pa dwe fè chich ak frè nou ki vin pòv la+.

  • Detewonòm 15:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Nou dwe montre nou donan lè n ap bay frè nou an sa l bezwen+. Nou* dwe fè sa san nou pa regrèt, paske se sa k ap fè Jewova, Bondye nou an, beni nou nan tout sa n ap fè+.

  • Pwovèb 19:17
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 17 Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete+,

      E Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a+.

  • Lik 6:34, 35
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 34 Epitou, si se moun nou konnen k ap remèt nou nou prete* sèlman, ki merit nou gen pou sa+? Menm moun k ap pratike peche yo prete moun k ap pratike peche menm jan avèk yo, paske yo konnen y ap remèt yo sa yo te prete yo a. 35 Men, nou menm, kontinye renmen ènmi nou, epi kontinye fè byen. Kontinye prete moun san nou pa espere anyen anretou+. Lè sa a, n ap gen yon gwo rekonpans e n ap vin pitit Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, paske li bon ni ak moun ki engra, ni ak moun ki mechan+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje