BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 17:14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Ekri sa k pase a nan liv la pou nou pa bliye sa. E men sa w ap di Jozye: ‘M ap efase moun Amalèk yo nèt anba syèl la+.’”

  • 1 Samyèl 14:47, 48
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 47 Sayil te byen tabli pouvwa l sou pèp Izrayèl la e li te fè lagè ak tout ènmi li te genyen yo, kèlkeswa kote yo te ye. Li te fè lagè ak moun Mowab yo+, desandan Amon yo+, moun Edòm yo+, wa Soba yo+ ak moun Filisti yo+. Epi, li te pot laviktwa tout kote li t al fè lagè. 48 Li te mete anpil kran sou li pou l fè lagè, li te pote laviktwa sou moun Amalèk yo+ e li te delivre pèp Izrayèl la anba men moun ki t ap vin piye yo.

  • 1 Samyèl 15:1-3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Epi, Samyèl di Sayil: “Se Jewova ki te voye m vin chwazi w kòm wa pou dirije pèp Izrayèl la+. Kounye a, koute sa Jewova gen pou l di w+. 2 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: ‘M ap vanje sou moun Amalèk yo poutèt sa yo te fè pèp Izrayèl la lè yo te kont yo pandan yo t ap sot ann Ejip la+. 3 Kounye a, nou mèt al atake moun Amalèk yo+, epi detwi yo nèt+ ansanm ak tout sa yo genyen. Nou pa dwe gen pitye pou yo. Nou dwe touye+ gason kou fi, timoun kou tibebe, bèf kou mouton, chamo kou bourik+.’”

  • 1 Kwonik 4:42, 43
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 42 Kèk nan desandan Simeyon yo, 500 gason, te al Mòn Seyi+ ansanm ak Pelatya, Neharya, Refaya ak Ouzyèl, pitit gason Ichi yo, alatèt yo. 43 Yo te touye rès moun Amalèk+ ki te sove yo e se la y ap viv jis jodi a.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje