BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 4:6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 Se pou nou byen suiv yo+ paske sa ap fè pèp ki pral tande pale de kòmandman sa yo wè nou gen sajès+ ak bon konprann+ e y ap di: ‘Vrèmanvre, moun ki nan gwo nasyon sa a se moun ki gen sajès ak bon konprann+.’

  • Detewonòm 8:18
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 nou dwe sonje se Jewova, Bondye nou an, ki ban nou kapasite pou nou vin rich+. Paske, li respekte alyans li te fè ak zansèt nou yo, jan l montre sa jodi a+.

  • Jozye 1:7, 8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 “Yon sèl bagay, mete kouraj sou ou e mete anpil kran sou ou. Epi, byen suiv tout Lwa Moyiz, sèvitè m nan, te ba w la. Pa fè ni adwat ni agoch+, yon fason pou w ka aji avèk sajès nenpòt kote w ale+. 8 Pawòl ki nan liv Lalwa a dwe toujou nan bouch ou+ e ou dwe li l tou ba* lajounen kou lannuit pou w ka byen suiv tout sa ki ekri ladan l+. Konsa, tout sa w ap fè ap reyisi e w ap aji avèk sajès+.

  • 1 Wa 2:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Se pou w kontinye obeyi Jewova, Bondye w la, se pou w mache nan chemen l yo, lè w obeyi lwa l yo, kòmandman l yo, lòd li yo ak rapèl li yo jan sa ekri nan Lalwa Moyiz la+. Si w fè sa, w ap reyisi* nan tout sa w ap fè e kèlkeswa kote w ale.

  • Sòm 103:17, 18
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 17 Men, Jewova ap demontre lanmou fidèl li genyen an

      Pou moun ki gen lakrentif pou li yo pou toutan+.

      L ap aji yon fason ki jis avèk pitit pitit yo+,

      18 Avèk moun ki respekte alyans li an+

      E avèk moun ki veye pou yo obeyi kòmandman l yo.

  • Lik 11:28
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 28 Men, Jezi di: “Now! Pito w di: Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l+!”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje