33 Se konsa, Moyiz bay desandan Gad yo ak desandan Ribenn yo+ ak moun ki nan demi tribi Manase+ ki te yon pitit gason Jozèf, wayòm Siyon an+, wa Amorit yo, ansanm ak vil ak tèritwa ki ozalantou l yo e li ba yo wayòm Òg la+, wa Bazan an, ansanm ak vil ak tèritwa ki ozalantou l yo.
4 Kounye a, Jewova, Bondye nou an, fè frè nou yo jwenn lapè, jan l te pwomèt yo a+. Se sa k fè kounye a, nou mèt tounen nan tant nou yo, nan peyi Moyiz, sèvitè Jewova a, te ban nou kòm eritaj sou lòt bò* Rivyè Jouden an+.