BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Nonb 21:23, 24
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 23 Men, Siyon pa t kite pèp Izrayèl la pase nan tèritwa l la. Okontrè, Siyon te rasanble tout pèp li a e li te pati al dèyè pèp Izrayèl la nan dezè a. Lè l rive Jahaz, li kòmanse batay ak pèp Izrayèl la+. 24 Men, pèp Izrayèl la te pote laviktwa sou li ak epe+, epi yo pran peyi l la+, soti Vale Anon+ rive Vale Jabòk+ ki toupre desandan Amon yo. Li pa t rive pi lwen pase vil Jazè paske Jazè+ te gen menm fwontyè ak tèritwa desandan Amon yo+.

  • Nonb 21:33-35
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 33 Apre sa, yo chanje direksyon e yo monte nan wout ki mennen Bazan an. Epi, Òg+, wa Bazan an, soti ak tout pèp li a pou yo vin batay avèk yo nan Edreyi+. 34 Epi, Jewova di Moyiz: “Pinga w pè l+, paske m ap lage l nan men w ansanm ak tout pèp li a ak tout peyi l la+, e w ap fè l menm sa w te fè Siyon, wa Amorit yo, ki t ap viv Esbon+.” 35 Konsa, yo te kontinye bat wa a ansanm ak pitit gason l yo ak tout pèp li a jiskaske pa t ret yon moun nan pèp la ki te ret vivan+. Apre sa, yo pran peyi l la+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje