-
Nonb 18:24Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
24 Paske dizyèm pati pèp Izrayèl la ap pran nan sa l genyen pou l bay Jewova a, mwen bay Levit yo li kòm pòsyon pa yo. Se poutèt sa mwen te di yo: ‘Yo pa dwe gen yon eritaj nan mitan Izrayelit yo+.’”
-
-
Nonb 26:62, 63Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
62 Yo te anrejistre antou 23 000 gason ki te gen yon mwa pou pi piti+. Men, yo pa t anrejistre yo pami Izrayelit yo+, paske yo pa t gen pou yo ba yo yon eritaj pami Izrayelit yo+.
63 Se moun sa yo Moyiz ak Eleyaza, prèt la, te anrejistre lè yo t ap anrejistre Izrayelit yo nan plèn Mowab yo ki tankou dezè, nan zòn Jouden an, toupre Jeriko.
-
-
Detewonòm 18:1Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
18 “Okenn Levit ki prèt, e pèsonn nan tout tribi Levi a, pap gen ni tè ni eritaj ann Izrayèl. Y ap manje nan sakrifis ki boule nan dife pou Jewova yo. Se eritaj pa yo sa+.
-