20 Epi, moun yo te fè yon sèl rèl lè yo te sonnen kòn yo+. Kou moun yo tande son kòn yo, yo fè yon gwo rèl tankou bri moun ki nan lagè, epi miray vil la tonbe plat atè+. Apre sa, chak moun antre tou dwat nan vil la e yo pran vil la.
26 Nan moman sa a, Jozye fè sèman, li di*: “Si yon moun al eseye rebati vil Jeriko, se pou malediksyon tonbe sou moun sa a devan Jewova. Lè l ap fè fondasyon vil la, l ap pèdi premye pitit li e lè l ap monte pòt yo, l ap pèdi dènye pitit li+.”