-
1 Samyèl 2:14-16Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
14 epi li foure l swa nan mamit la oswa nan chodyè a oubyen nan bonm nan oswa nan kaswòl la. Prèt la pran tout sa ki monte nan fouchèt la. Se sa yo te konn fè tout Izrayelit ki te konn vin Silo yo. 15 Epitou, menm anvan moun k ap fè sakrifis la te boule grès yo pou fè lafimen monte+, gen yon sèvitè prèt la ki te vin di l: “Bay prèt la vyann pou l griye. Li pap pran vyann bouyi nan men w. Se vyann kri sèlman li vle.” 16 Lè moun nan di l: “Kite yo fin boule grès yo pou fè lafimen monte anvan+, apre sa ou mèt pran sa w vle*”, lè sa a, li reponn li: “Non. Ban mwen l kounye a. Si w pa ban mwen l, m ap pran l ak fòs mwen!”
-