-
1 Kwonik 14:10-12Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
10 Epi, David mande Bondye: “Èske m mèt monte al goumen ak moun Filisti yo? Èske w ap lage yo nan men m?” Lè sa a, Jewova di l: “Ou mèt monte, m ap lage yo nan men w san mank+.” 11 Vrèmanvre, David monte Baalperazim+, li touye moun Filisti yo nan zòn sa a. Apre sa, David di: “Vrè Dye a sèvi avè m pou l kraze ènmi m yo tankou yon kote dlo pase li kraze.” Se sa k fè yo te rele zòn sa a Baalperazim*. 12 Moun Filisti yo te kite zidòl yo te genyen yo nan zòn nan, e moun ki te avèk David yo te boule yo nan dife sou lòd David+.
-