-
1 Kwonik 14:13-17Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 Annapre, moun Filisti yo vin atake moun ki nan vale a yon lòt fwa ankò+. 14 Yon lòt fwa ankò, David mande Bondye sa pou l fè, men vrè Dye a di l: “Pa monte dwat sou yo. Okontrè, al pase pa dèyè yo, epi atake yo anfas kote ki gen touf bwa a*+. 15 Lè w tande yon bri nan tèt pyebwa yo ki tankou bri moun k ap mache, ou mèt atake yo, paske vrè Dye a ap pase devan w pou l touye sòlda ki nan lame Filisti a+.” 16 Vrèmanvre, David fè egzakteman sa vrè Dye a ba l lòd fè a+, epi yo touye moun Filisti yo soti Gabawon rive Gezè+. 17 Se konsa moun nan tout peyi te vin konnen David, e Jewova te fè moun nan tout nasyon pè l+.
-