BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Kwonik 17:16-22
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 Lè sa a, wa David chita devan Jewova e li di: “Kiyès mwen ye, o Jewova Dye? Ki sa fanmi m ye pou w fè tout bagay sa yo pou mwen+? 17 Kòmsi sa pa t ase, o Bondye, ou fè konnen tou jan fanmi sèvitè w la pral ye nan tan ki gen pou vini jis apre yo+ e ou trete m tankou yon moun ki merite plis glwa toujou*, o Jewova Dye. 18 Ki sa mwen menm, David, sèvitè w la, ka di w ankò pou tout onè sa a ou fè m, ou menm ki tèlman byen konn sèvitè w la+? 19 O Jewova, se paske w gen sousi pou sèvitè w la e se paske kè w pouse w* ki fè w fè tout gwo bagay sa yo, konsa ou montre jan w gran+. 20 O Jewova, pa gen pèsonn tankou w+ e pa gen Dye sof ou menm+. Tout sa nou tande ak zòrèy nou montre sa. 21 Epitou, ki lòt nasyon sou tè a ki tankou pèp Izrayèl la, pèp ou a+? Antanke vrè Dye a, ou t al delivre l e ou fè l vin pèp ou+. Ou fè konnen non w pa mwayen yon seri gwo aksyon ou te fè ki bay lakrentif+. Ou te mete lòt nasyon deyò devan pèp ou a+ ou te delivre ann Ejip. 22 Ou fè pèp Izrayèl la, pèp ou a, vin pèp ou pou toutan+, e ou menm, o Jewova, ou vin Bondye yo+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje