-
1 Wa 14:10, 11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
10 Se poutèt sa m ap lage kalamite sou fanmi w, o Jewobowam, m ap elimine depi se gason* ki nan fanmi w, menm sa ki pa gen moun pou ede yo ak sa ki fèb ann Izrayèl yo, e m ap elimine fanmi w+ ann Izrayèl tankou poupou yon moun t ap retire yon kote jis li fin retire l nèt! 11 Nenpòt moun nan fanmi w ki mouri anndan vil yo, chen ap manje yo, e nenpòt moun nan fanmi w ki mouri nan savann yo, zwazo nan syèl la ap manje yo paske se sa Jewova di.”’
-
-
1 Wa 15:29Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
29 Kou li vin wa, li touye tout moun nan fanmi Jewobowam nèt. Li pa kite pèsonn nan fanmi Jewobowam rete vivan, li touye yo tout, jan Jewova te di sa pa mwayen Ayija, sèvitè l la, moun Silo a+.
-