-
Levitik 9:23, 24Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
23 Finalman, Moyiz ak Arawon antre nan tant reyinyon an. Apre sa, yo soti e yo beni pèp la+.
Apre sa, tout pèp la wè glwa Jewova+, 24 e Jewova voye yon dife+ ki kòmanse boule bèt yo te ofri kòm sakrifis pou yo boule nèt la ak moso grès ki te sou lotèl la. Lè moun ki nan pèp la wè sa, yo kontan anpil e yo lage kò yo fas atè+.
-
-
Jij 6:21Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
21 Epi zanj Jewova a lonje baton ki nan men l lan, li touche vyann nan ak pen san ledven yo ak pwent baton l lan. Lè sa a, dife soti nan wòch la epi li boule vyann nan ak pen san ledven yo+. Apre sa, zanj Jewova a disparèt.
-