-
Egzòd 14:21, 22Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
21 Apre sa, Moyiz lonje men l sou lanmè a+ e Jewova sèvi ak yon gwo van ki te soti nan direksyon lès e ki te soufle pandan tout nuit lan pou l fè lanmè a fè bak. Fon lanmè a te vin sèk+, lanmè a te fann de bò+. 22 Konsa, Izrayelit yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèk+ e dlo a te tankou de miray, youn sou bò dwat yo, youn sou bò goch yo+.
-
-
2 Wa 2:13, 14Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 Apre sa, li ranmase rad pwofèt Eli te gen sou li+ ki te sot tonbe a epi li tounen al kanpe bò Rivyè Jouden an. 14 Epi, li pran rad pwofèt Eli te gen sou li ki te sot tonbe a, li frape dlo a e li di: “Kote Jewova, Bondye Eli a?” Lè l frape dlo a, dlo a fann de bò, yon pati te sou bò goch li e yon pati te sou bò dwat li. Konsa, Elize travèse Rivyè Jouden an+.
-