BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 15:23-25
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 23 Yo te rive Mara*+, men, yo pa t kapab bwè dlo ki te gen Mara a paske li te anmè. Se sa k fè li te rele zòn nan Mara. 24 Pèp la te pran plenyen kont Moyiz+, yo t ap di: “Ki sa nou pral bwè?” 25 Lè sa a, Moyiz pran rele Jewova+, e Jewova montre l yon ti pyebwa. Lè l lage l nan dlo a, dlo a vin dous.

      Se la Bondye te ba yo yon lwa pou yo suiv, li te teste yo+

  • 2 Wa 4:38-41
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 38 Lè Elize retounen Gilgal, te gen yon grangou nan zòn nan+. Pandan pwofèt yo+ chita devan l, li di sèvitè l la+: “Met gwo bonm nan sou dife epi fè yon bouyon pou pwofèt yo.” 39 Epi, gen youn nan yo ki al nan savann nan pou l ranmase fèy. Li tonbe sou yon lyann e li plen rad li ak fwi won li te keyi sou lyann nan. Apre sa, li retounen, li koupe yo fè ti moso, li mete yo nan bonm nan, san l pa t konnen sa yo te ye. 40 Annapre, yo bay mesye yo li pou yo manje. Men, kou mesye yo goute bouyon an, yo di byen fò: “Sèvitè vrè Dye a, gen pwazon nan chodyè a.” Yo pa t ka manje l. 41 Lè sa a, li di: “Pote enpe farin pou mwen.” Apre li fin lage l nan bonm nan, li di: “Bay moun yo li pou yo manje.” Apre sa, pa t gen anyen ki te ka ba yo pwoblèm nan bonm nan ankò+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje