-
2 Kwonik 25:1-4Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
25 Amatsya te gen 25 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 29 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Jewoyadan e se te moun Jerizalèm+. 2 Amatsya te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova, men li pa t fè sa ak tout kè l. 3 Kou wayòm nan fin byen chita nan men l, li touye sèvitè l te genyen ki te touye papa l lè papa l te wa a+. 4 Men, li pa t touye pitit moun sa yo, paske li te obeyi sa ki ekri nan liv Lalwa Moyiz la, kote Jewova te bay lòd sa a: “Yon papa pa dwe mouri pou sa pitit gason l fè, e yon pitit gason pa dwe mouri pou sa papa l fè. Chak moun dwe mouri pou peche li menm li fè+.”
-