4 Rive yon lè, Jewoyakaz sipliye Jewova pou l fè l favè e Jewova koute l, paske li te wè jan wa Siri a t ap toupizi Izrayèl+. 5 Jewova te bay Izrayèl yon sovè+ pou libere l anba men moun Siri yo. Konsa, Izrayelit yo te ka viv lakay yo jan yo te konn fè sa anvan an.