BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 7:9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Nou byen konnen Jewova, Bondye nou an, se vrè Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe alyans li fè e ki demontre yon lanmou ki fidèl pou moun ki renmen l e ki obeyi kòmandman l yo jis nan milyèm jenerasyon an+.

  • 1 Wa 8:23-26
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 23 e li di: “O Jewova, Bondye Izrayèl la, pa gen Dye ki tankou w+, ni anwo nan syèl la, ni sou tè a, paske w kenbe alyans ou fè ak pèp ou a e w montre yon lanmou ki fidèl+ pou sèvitè w yo k ap sèvi w ak tout kè yo+. 24 Ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè w la, David, papa m. Se ou ki te fè l pwomès la ak pwòp bouch ou e se ou ki fè sa w te di l la reyalize jodi a+. 25 Kounye a, o Jewova, Bondye Izrayèl la, se pou w kenbe pwomès ou te fè sèvitè w la, David, papa m, lè w te di l: ‘Ap toujou gen yon gason pami desandan w yo k ap chita sou twòn Izrayèl la devan m depi pitit gason w yo veye sou fason y ap mache devan m e yo mache menm jan ou mache devan m nan+.’ 26 O Bondye Izrayèl la, tanpri, se pou pwomès ou te fè sèvitè w la, David, papa m, reyalize toutbonvre.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje