-
Detewonòm 30:1-3Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
30 “Lè tout pawòl sa yo akonpli sou nou, anpalan de benediksyon ak malediksyon mwen mete devan nou yo+, e nou sonje yo*+ pandan nou nan nasyon kote Jewova, Bondye nou an, gaye nou yo+, 2 lè ni nou menm ni pitit gason nou yo tounen vin jwenn Jewova, Bondye nou an+, ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou, nou koute l lè nou obeyi tout kòmandman mwen ban nou jodi a, 3 Jewova, Bondye nou an, ap fè prizonye nou yo tounen+ e l ap fè nou mizèrikòd+. Jewova, Bondye nou an, ap pran nou nan mitan tout pèp kote li te gaye nou yo e l ap rasanble nou+.
-
-
Dànyèl 9:2, 3Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
2 wi, nan premye ane rèy li a, mwen menm, Dànyèl, mwen te li nan liv yo* e mwen te vin konprann kantite ane Jewova te di pwofèt Jeremi Jerizalèm t ap ret kraze yo+ se te 70 an+. 3 Se sa k fè m te vire fas mwen bay Jewova, vrè Dye a, mwen te sipliye l, mwen te fè jèn*+, mwen te met rad sak sou mwen e mwen te met sann sou tèt mwen.
-