BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Wa 10:10-14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Se pou nou konnen pa gen yon sèl pawòl Jewova di kont fanmi Ahab Jewova pap reyalize+. Jewova reyalize sa l te di pa mwayen Eli, sèvitè l la+.” 11 Mete sou sa, Jeyi touye tout rès fanmi Ahab yo nan Jizreyèl, san konte tout mesye ki te gen gwo renome ki te avè l yo, zanmi l yo ak prèt li yo+. Li pa kite okenn nan moun sa yo viv+.

      12 Apre sa, li pran wout pou l al Samari. Sou wout sa a, te gen yon kay* bèje yo te konn itilize. 13 Lè Jeyi rive la, li rankontre frè Ahazya yo+, wa Jida a. Li di yo: “Kiyès nou ye?” Yo di l: “Nou se frè Ahazya e nou nan wout pou n al wè si tout bagay ap mache byen pou pitit gason wa a ak pitit gason rèn* nan.” 14 Lapoula, li di: “Pran yo vivan!” Yo pran yo vivan vre epi yo touye yo bò kote yon sitèn ki nan kay bèje yo te konn itilize a. Yo touye 42 gason. Jeyi pa t kite youn nan yo chape+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje