BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Nonb 1:51
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 51 Nenpòt lè y ap deplase ak tabènak la, se Levit yo ki dwe demonte l+, e lè y ap remonte l se Levit yo ki dwe fè sa. Nenpòt moun ki pa gen dwa* ki ta pwoche toupre l, yo dwe touye l+.

  • Nonb 18:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Se sou kont ou menm ak pitit gason w yo tout sèvis nou dwe fè antanke prèt yo ye, ni sèvis ki gen rapò ak lotèl la ni sèvis ki pou fèt dèyè rido a+. Se nou menm ki dwe fè travay sa a+. Sèvis n ap fè antanke prèt la se yon kado mwen ban nou. Yo dwe touye nenpòt moun ki pa gen dwa fè travay sa yo* ki ta pwoche toupre kote ki sakre a+.”

  • 2 Kwonik 26:18, 19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 Epi yo kanpe devan wa Ozyas, yo di l: “Wa Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Jewova+! Se sèlman prèt yo ki gen dwa sa a, paske se desandan Arawon yo ye+. Se yo menm yo mete apa pou fè sa. Soti nan tanp lan, paske sa w fè a montre w pa fidèl. Mete sou sa, ou pap resevwa okenn glwa nan men Jewova Dye pou sa w fè a.”

      19 Men, Ozyas, ki te kanpe ak yon ansanswa nan men l pou l boule lansan, te vin fache anpil+. Sepandan, menm kote l fache sou prèt yo, li vin gen lèp+ nan fwon l, devan prèt yo, nan kay Jewova a, toupre lotèl pou yo boule lansan an.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje