-
Egzòd 29:40, 41Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
40 Lè w ap ofri premye mouton an, w ap ofri yon dizyèm efa* bon farin ki melanje ak anviwon yon ka hin* bon luil, luil ki fèt ak oliv yo pile, epi w ap bay yon ka hin diven kòm ofrann. 41 Lè w ap ofri dezyèm mouton an nan aswè anvan l fin fè nwa*, w ap bay menm kantite farin nan ak menm kantite bwason w te bay kòm ofrann nan maten an. Se yon ofrann y ap boule pou Jewova, yon ofrann k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*.
-