-
Jòb 2:1-3Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
2 Apre sa, jou a te rive pou pitit vrè Dye a genyen yo*+ te antre vin devan Jewova+, e Satan te antre nan mitan yo tou pou l vin devan Jewova+.
2 Lè sa a, Jewova mande Satan: “Ki kote w soti?” Satan reponn Jewova: “Mwen sot fè yon vire won sou tè a e mwen sot gade sa k ap pase sou li+.” 3 Epi, Jewova di Satan: “Èske w wè* Jòb, sèvitè m nan? Pa gen pèsonn tankou l sou tè a. Li se yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay*+. Li gen lakrentif pou Bondye e li vire do bay sa ki mal. Li toujou fidèl nan tout bagay+, malgre w ap eseye fè m leve kont li+ pou m ka detwi l san rezon.”
-