27Lè l jou, tout prèt an chèf yo ak ansyen yo reyini ansanm kont Jezi pou fè touye l+. 2 Yo mare l, apre sa, yo mennen l bay Pilat, gouvènè a, epi yo remèt li l+.
10 Sepandan, prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo pa t sispann leve kanpe pou yo akize l ak tout fòs. 11 Epi, Ewòd ansanm ak sòlda l yo pran rabese l+. Ewòd abiye l ak yon bèl rad pou l pase l nan rizib+, e li voye l tounen bay Pilat.