-
Detewonòm 6:10-12Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
10 “Apre Jewova, Bondye nou an, fin fè nou antre nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, l ap ban nou an+, yon peyi ki gen gwo vil nou pa t konstwi ki byen bèl+, 11 ki gen kay ki chaje ak tout kalite bon bagay nou pa t travay pou n genyen, ki gen sitèn nou pa t fouye, jaden rezen ak pye oliv nou pa t plante, lè nou fin manje e vant nou fin plen+, 12 nou dwe fè atansyon pou n pa bliye Jewova+, li menm ki te fè n soti nan esklavaj nan peyi Ejip la.
-
-
Jòb 31:24Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
24 Si m te met konfyans mwen nan lò,
Oubyen si m te di bonjan lò: ‘Se sou ou m konte+!’
-
-
Jòb 31:28Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
28 Ebyen, se t ap yon peche ki merite pou jij yo pini m,
Paske mwen t ap vire do bay vrè Dye a ki nan syèl la.
-