BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Sòm 15:1-5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 O Jewova, kiyès ki ka yon envite nan tant ou?

      Kiyès ki ka abite nan mòn ou an ki sakre+?

       2 Se moun ki toujou aji byen*+,

      Ki fè sa ki dwat+,

      Ki pale laverite nan kè l+,

       3 Ki pa bay moun kout lang+,

      Ki pa fè pwochen l anyen ki mal+,

      Ki pa pale zanmi l mal*+,

       4 Ki pa mele ak move moun+

      Men, ki onore moun ki gen lakrentif pou Jewova.

      Li kenbe pwomès li*, menm lè sa koute l chè+.

       5 Li prete kòb li san li pa mande enterè+

      E li pa pran lajan pa anba pou l akize moun ki inosan+.

      Moun ki aji konsa pap janm brannen*+.

  • Sòm 27:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  4 Gen yon bagay mwen mande Jewova,

      E se sa m ap chèche:

      Pou m rete nan kay Jewova a pandan tout vi m+,

      Pou m kontanple tout bon bagay Jewova gen lakay li

      E pou m admire* tanp li an*+.

  • Sòm 84:1-4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 84 Se pa ti renmen mwen renmen tabènak* ou a ki estrawòdinè+,

      O Jewova, Chèf lame yo!

       2 Se tout mwen menm ki* swaf wè

      Lakou Jewova yo,

      Wi, mwen santi m fèb tèlman mwen anvi wè yo+.

      Kè m ak kò m ap rele Bondye vivan an ak kè kontan.

       3 Menm zwazo yo jwenn yon kote nan kay ou a pou yo rete.

      Iwondèl la jwenn yon nich

      Kote li ka pran swen pitit li yo

      Toupre lotèl ou a, o Jewova, Chèf lame yo,

      Ou menm ki Wa m e ki Bondye m!

       4 Byennere moun ki abite lakay ou+!

      Yo kontinye fè louwanj pou ou+. (Sela)

  • Sòm 84:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Paske, yon jou nan lakou w yo pi bon pase 1 000 jou nenpòt lòt kote+.

      Mwen chwazi pou m rete nan papòt kay Bondye m nan

      Olye pou m al rete nan tant kote y ap fè mechanste yo.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje