-
Jozye 3:15, 16Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 Kou prèt yo ki t ap pote Lach la rive bò Rivyè Jouden an e yo mete pye yo nan dlo rivyè a (lè sa a, Rivyè Jouden an te anvayi tout zòn arebò l yo+ pandan tout epòk rekòt la), 16 dlo ki t ap koule desann nan te kanpe. Dlo a te kanpe tankou yon miray jis byen lwen nan zòn Adan, yon vil ki toupre Zaretan, pandan rès dlo a te kontinye desann al nan Lanmè Araba, sa vle di Lanmè Sale*. Dlo a te sispann koule desann e pèp la te travèse rivyè a al anfas Jeriko.
-