BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Wa 19:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Eli reponn: “Mwen te chofe anpil pou m defann Jewova, Bondye ki Chèf lame yo+, paske pèp Izrayèl la rejte alyans ou an+, yo kraze lotèl ou yo e yo touye pwofèt ou yo ak kout epe+. Se mwen menm sèl ki rete. Kounye a, y ap chèche touye m*+.”

  • Sòm 119:139
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 139 Mwen tèlman renmen w, se kòmsi m gen yon dife k ap boule anndan m+

      Lè m wè ènmi m yo bliye pawòl ou yo.

  • Matye 21:12, 13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Jezi antre nan tanp lan, li mete tout moun ki t ap vann nan tanp lan ak tout moun ki t ap achte ladan l yo deyò, e li chavire tab kanbis yo ak ban moun ki t ap vann pijon yo+. 13 E li di yo: “Men sa ki ekri: ‘Y ap rele kay mwen an yon kay pou moun vin lapriyè+.’ Men nou menm, nou fè l tounen yon gwòt ki chaje ak vòlè+.”

  • Mak 11:15-17
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Kounye a, yo rive Jerizalèm. Li antre nan tanp lan, li kòmanse mete moun ki t ap vann nan tanp lan ak moun ki t ap achte yo deyò, e li chavire tab kanbis yo ak ban moun ki t ap vann pijon yo+. 16 Li pa t kite okenn moun ki gen yon bagay nan men l fè chemen dekoupe nan lakou tanp lan. 17 Li te anseye yo, li te di: “Èske sa pa ekri: ‘Y ap rele kay mwen an yon kay pou tout nasyon vin lapriyè+’? Men nou menm, nou fè l tounen yon gwòt ki chaje ak vòlè+.”

  • Jan 2:13-17
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Fèt Pak Juif yo+ te toupre rive. Jezi monte Jerizalèm. 14 Lè l rive nan tanp lan, li jwenn moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon+, ansanm ak moun ki te chita sou chèz ap chanje lajan. 15 Epi, li fè yon fwèt ak kòd, li mete yo tout deyò ansanm ak mouton yo ak bèf yo. Li fè yo soti nan tanp lan, li gaye pyès monnen moun ki t ap chanje lajan yo e li chavire tab yo+. 16 Epi, li di moun ki t ap vann pijon yo: “Retire bagay sa yo la a! Sispann fè kay Papa m nan tounen yon kay kote yo fè komès*+!” 17 Lè sa a, disip li yo vin sonje sa k te ekri a: “Lanmou m gen pou kay ou a ap tankou yon dife k ap boule anndan m+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje