BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 14:21
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 21 Apre sa, Moyiz lonje men l sou lanmè a+ e Jewova sèvi ak yon gwo van ki te soti nan direksyon lès e ki te soufle pandan tout nuit lan pou l fè lanmè a fè bak. Fon lanmè a te vin sèk+, lanmè a te fann de bò+.

  • Jozye 3:16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 dlo ki t ap koule desann nan te kanpe. Dlo a te kanpe tankou yon miray jis byen lwen nan zòn Adan, yon vil ki toupre Zaretan, pandan rès dlo a te kontinye desann al nan Lanmè Araba, sa vle di Lanmè Sale*. Dlo a te sispann koule desann e pèp la te travèse rivyè a al anfas Jeriko.

  • Sòm 114:1-3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 114 Lè pèp Izrayèl te kite peyi Ejip+,

      Lè desandan Jakòb yo te soti nan mitan yon pèp ki pale yon lòt lang,

       2 Tribi Jida a te vin yon kote ki apa pou Bondye,

      Izrayèl te vin pèp l ap dirije a+.

       3 Lanmè a te kouri akoz sa l te wè a+,

      Rivyè Jouden an te fè bak+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje