BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 4:9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 “Sèl bagay, fè atansyon epi byen veye* pou nou pa bliye bagay nou te wè ak je nou yo e fè yon fason pou yo rete nan kè nou pandan tout vi nou. Mete sou sa, nou dwe fè pitit nou ak pitit pitit+ nou konnen yo.

  • Detewonòm 6:6, 7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 Se pou pawòl sa yo m ap di nou jodi a rete nan kè nou, 7 se pou nou fè yo antre nan kè* pitit nou yo+ e se pou nou pale sou bagay sa yo avèk yo lè nou chita anndan lakay nou, lè n ap mache avèk yo sou wout yo, lè nou kouche ak lè nou leve+.

  • Detewonòm 6:21
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 21 lè sa a, n a di yo: ‘Nou te esklav Farawon nan peyi Ejip, men Jewova te fè nou soti kite peyi Ejip ak fòs ponyèt li.

  • Detewonòm 11:18, 19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 “Nou dwe fè pawòl sa yo mwen di nou yo antre nan kè nou, nou dwe fè yo antre byen fon anndan nou, e nou dwe mare yo sou men nou pou nou ka sonje yo. Y ap tankou yon bando sou fwon nou*+. 19 Mete sou sa, nou dwe anseye pitit nou yo pawòl sa yo, nou dwe pale avèk yo sou yo lè nou chita lakay nou, lè n ap mache sou wout yo, lè nou kouche ak lè nou leve+.

  • Jozye 4:6, 7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 pou nou ka sonje sa Bondye te fè a. Si yon lè pitit* nou yo ta mande nou: ‘Poukisa nou mete wòch sa yo la a+?’, 7 men sa nou dwe di yo: ‘Se paske dlo Rivyè Jouden an te sispann koule devan lach+ alyans Jewova a. Lè Izrayelit yo t ap travèse Rivyè Jouden an ak Lach la, dlo rivyè a te sispann koule. Wòch sa yo la pou fè pèp Izrayèl la toujou sonje sa k te pase a+.’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje