-
Egzòd 10:14, 15Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
14 Krikèt yo te anvayi tout peyi a+ e yo te rete la. Sitiyasyon an te grav anpil. Pa t janm gen tout krikèt sa yo nan peyi a anvan sa+ e pap janm gen yon kantite konsa ankò. 15 Yo te kouvri tout peyi a, e peyi a te vin tou nwa akoz krikèt yo. Yo te devore tout plant nan peyi a ak tout fwi nan pyebwa yo, tout sa ki te rete apre lagrèl la. Pa t gen okenn fèy ki te rete ni sou pyebwa ni sou plant ki nan peyi Ejip yo.
-