BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 31:16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 Epi, Jewova di Moyiz: “Tande, ou pa lwen mouri*. Lè pèp sa a rive nan peyi yo prale a+, yo pral adore* fo dye ki nan peyi ki antoure peyi sa a. Y ap bliye m+ e yo pap respekte alyans mwen fè avèk yo a+.

  • Detewonòm 32:15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Kou Jechouwoun* te vin gra, li te voye pye e li te rebele.

      Li te vin gra, li te vin foule e li te vin gwo+.

      Se sa k fè li te bliye Bondye ki te fè l la+

      E li te meprize Mas Wòch ki te sove l la.

  • Jij 2:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Konsa, Izrayelit yo te fè sa ki mal nan je Jewova e yo t al sèvi Baal yo+.

  • 2 Samyèl 20:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 20 Twouve, te gen yon nonm ki te konn bay anpil pwoblèm yo te rele Cheba+, pitit gason Bikri, yon desandan Benjamen. Li te sonnen kòn+ e li te di: “Nou pa gen okenn rapò ak David, pitit gason Jese a+. Se pou chak moun al sèvi dye* pa yo, o Izrayèl+!”

  • Neyemi 9:26
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 26 “Men, yo te vin dezobeyi w, yo te vin rebèl+ e yo te vire do bay Lwa w te bay la*. Yo te touye pwofèt ou yo ki t ap ba yo avètisman pou yo te ka retounen vin jwenn ou e yo te fè zak ki montre yo pa gen okenn respè pou ou+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje