BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jozye 7:9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Lè moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki abite nan peyi a tande sa, y ap sènen nou e y ap elimine non nou sou tè a. Ki sa w ap fè pou non w, yon non ki san parèy+?”

  • 1 Samyèl 12:22
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 22 Jewova pap abandone pèp li a+, poutèt non li ki gran+, paske Jewova te pran desizyon pou l fè nou vin pèp li+.

  • 2 Kwonik 14:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Lè sa a, Aza rele Jewova, Bondye l la+, e li di l: “O Jewova, kit moun w ap ede yo anpil, kit yo pa gen fòs, pou ou, se menm bagay+. O Jewova, Bondye nou an, ede nou tanpri, paske se sou ou nou konte*+ e se nan non w nou vin goumen ak foul moun sa a+. O Jewova, ou se Bondye nou, pa kite lòm ki fèt ak pousyè tè kenbe tèt ak ou+.”

  • Sòm 115:1, 2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 115 O Jewova, se pa nou menm pou w bay glwa, non se pa nou menm*.

      Men, se non w pou w bay glwa+

      Poutèt lanmou w* ak fidelite w+.

       2 Poukisa pou nasyon yo ta di:

      “Kote Bondye yo a+?”

  • Ezayi 48:9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  9 Men, poutèt non mwen, m ap kontwole kòlè m+,

      Pou glwa mwen, m ap kontwole tèt mwen devan nou,

      E mwen pap elimine nou+.

  • Jeremi 14:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  7 O Jewova, menmsi erè nou yo kondane nou,

      Fè yon bagay pou nou akoz non w+.

      Paske, nou fè anpil bagay ki montre nou pa fidèl+,

      E se kont ou menm nou peche.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje