BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jeremi 7:23, 24
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 23 Men, men lòd mwen te ba yo: “Koute vwa m e m ap vin Bondye nou e nou menm n ap vin pèp mwen+. Se pou n mache nan chemen mwen ban nou lòd mache a pou tout bagay ka ale byen pou nou+.”’ 24 Men, yo pa t koute, yo pa t panche zòrèy yo pou yo tande m+. Okontrè, yo te fè sa lide yo di yo*, yo te kontinye suiv kè yo ki mechan+ e yo te fè bak olye yo avanse.

  • Jeremi 11:7, 8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Depi lè mwen te fè zansèt nou yo soti nan peyi Ejip la, mwen pa t sispann avèti yo* menm jan m ap avèti nou jodi a. Mwen te di yo: “Koute sa m di nou+.” 8 Men, yo pa t panche zòrèy yo pou yo koute m. Olye yo te fè sa, yo te kontinye fè tèt di e yo te kontinye suiv kè yo ki mechan+. Se sa k fè mwen te kontinye fè yo sonje tout kòmandman ki nan alyans mwen an. Men, yo te refize obeyi kòmandman sa yo.’”

  • Miche 6:16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 Paske, se kòmandman Omri yo ak vye bagay Ahab ak moun lakay li t ap fè yo n ap suiv+,

      E se konsèy yo bay nou obeyi.

      Se sa k fè m ap pini nou, e nasyon yo ap pè lè yo wè sa m fè nou.

      M ap fè yo bat plezi sou moun ki abite nan vil la+.

      Tout moun ap pase nou nan rizib+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje