17 Men sa Jewova, Sovè w la, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, di+:
“Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w,
Sila a k ap anseye w pou byen w lan+,
Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a+.
18 Si w te annik suiv kòmandman m yo+!
Ebyen, lapè ou t ap genyen an t ap anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche+,
E aksyon ki dwat ou t ap fè yo t ap anpil tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman+.