-
Dànyèl 9:20, 21Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
20 Pandan m t ap pale, mwen t ap priye, mwen t ap konfese peche m ak peche pèp Izrayèl la, e mwen t ap mande Jewova, Bondye m nan, pou l fè mòn li an ki sakre+ favè, 21 wi, pandan m t ap priye, mwen te wè Gabriyèl+, gason mwen te wè nan vizyon an+, ki vin kote m lè m te fin faya nèt, lè moman yo te konn fè ofrann nan aswè a te prèske rive.
-