-
Travay 13:34-37Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
34 Lefètke Bondye resisite Jezi sot nan lanmò, e Jezi pap janm retounen gen yon kò ki ka dekonpoze, men sa Bondye te deklare sou sa: ‘M ap ban nou lanmou fidèl mwen te pwomèt David la, yon lanmou ki sensè*+.’ 35 Se poutèt sa, nan yon lòt sòm, li di tou: ‘Ou pap kite kò sèvitè fidèl ou a dekonpoze+.’ 36 Yon bò, David te sèvi Bondye* nan jenerasyon pa l la, li te dòmi nan lanmò, yo te antere l avèk zansèt li yo e kò l te dekonpoze+. 37 Yon lòt bò, kò sila a Bondye resisite a pa t dekonpoze+.
-