-
Jòb 38:8-10Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
8 Epi, kiyès ki te met pòtay pou bare lanmè a+
Lè l t ap vòltije sot nan vant manman l,
9 Lè m te abiye l ak nyaj,
Lè m te vlope* l nan fènwa pwès,
10 Lè m te ba l limit li,
E lè m te met bwa travès ak pòtay pou fèmen l+,
-
Sòm 33:7Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
7 Li rasanble dlo lanmè a tankou l te mete yon baraj+,
Li mete dlo lanmè a nan rezèvwa.
-
-
Pwovèb 8:29Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
29 Lè l te bay dlo lanmè yo lòd
Pou yo pa depase limit yo+
E lè l te fè fondasyon* tè a,
-
Jeremi 5:22Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
22 ‘Kòman, nou pa gen lakrentif pou mwen?’ Se sa Jewova di.
‘Èske n pa ta dwe ap tranble devan m?
Se mwen menm ki mete sab kòm limit pou lanmè a.
Se yon lwa k ap la pou toutan, yon limit lanmè a pa ka depase.
Menmsi lanm lanmè a move, yo pa ka genyen batay la.
Menmsi lanm lanmè a ap gwonde, l ap toujou pa ka depase limit sa a+.
-
-
-
-
-