BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Kwonik 16:8-13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 8 “Di Jewova mèsi+. Envoke non l.

      Fè moun nan pèp yo konnen aksyon l fè yo+.

      9 Chante pou li, chante louwanj* pou li+.

      Reflechi* sou tout gwo aksyon li fè yo+.

      10 Se pou nou fyè pou n louwe non l ki sen+!

      Se pou moun k ap chèche Jewova yo rejwi+!

      11 Chèche Jewova+, mande l pou l ban nou fòs.

      Toujou chèche èd nan men l+.

      12 Sonje tout gwo aksyon li fè yo+,

      Sonje mirak li yo ak jijman li pwononse yo,

      13 Nou menm desandan* Izrayèl, sèvitè l la+,

      Nou menm pitit gason Jakòb yo, nou menm li chwazi yo+.

  • Sòm 96:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  3 Fè nasyon yo konnen glwa li genyen,

      Fè tout pèp yo konnen bagay estrawòdinè li fè yo+.

  • Sòm 145:11, 12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Y ap pwoklame glwa wayòm ou an genyen+,

      Y ap pale konsènan pisans ou+,

      ל [Lamèd]

      12 Y ap fè konnen gwo aksyon w fè yo+

      Ak jan wayòm ou an gen glwa+.

  • Ezayi 12:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  4 Jou sa a n ap di:

      “Se pou n di Jewova mèsi, se pou n envoke non l!

      Se pou n fè pèp yo konnen aksyon l fè yo+!

      Se pou n fè konnen jan non l gran+!

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje