BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jenèz 17:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 8 M ap bay ni ou menm ni desandan w yo* peyi kote w abite kòm etranje a+, tout peyi Kanaran, kòm byen nou nètale, epitou m ap vin Bondye yo+.”

  • Jenèz 23:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 “Mwen se yon etranje ki vin abite nan mitan nou+. Fè m jwenn yon moso tè bò kote nou an pou m gen yon kote pou m antere moun mwen genyen ki mouri, yon fason pou m ka pran mò m nan pou m al antere l.”

  • 1 Kwonik 16:19-22
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 Lè sa a, yo pa t anpil,

      Non, yo pa t anpil e se etranje yo te ye nan peyi a+.

      20 Yo te mache sot nan yon nasyon al nan yon lòt nasyon,

      Sot nan yon wayòm al nan yon lòt wayòm+.

      21 Li pa t kite okenn moun maltrete yo+,

      Men, li te blame plizyè wa poutèt yo+,

      22 Li te di: ‘Pinga nou manyen moun mwen chwazi yo

      E pinga nou fè pwofèt mwen yo anyen ki mal+.’

  • Travay 7:4, 5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 Se konsa, li kite peyi Kaldeyen yo epi l al ret Aran. Pandan l la, apre lanmò papa l+, Bondye te fè l kite kote l te rete a pou l vin nan peyi sa a, kote nou rete kounye a+. 5 Epoutan, li pa t ba l okenn byen nan peyi sa a, pa menm yon ti moso tè lajè yon pla pye. Men, li te pwomèt li l ap bay ni li menm ni desandans* li peyi a kòm byen yo+, alòske li potko menm gen pitit.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje