-
Egzòd 9:23-26Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
23 Vrèmanvre, Moyiz leve baton l lan anlè, Jewova fè loray gwonde e li fè lagrèl ak dife* tonbe sou peyi a. Jewova te kontinye fè lagrèl tonbe sou peyi Ejip. 24 Lagrèl t ap tonbe e dife t ap flache nan mitan lagrèl la. Se pa de lagrèl ki pa t tonbe. Depi lè Ejip te vin yon nasyon, lagrèl pa t janm tonbe konsa nan peyi a+. 25 Lagrèl te frape tout sa ki te deyò nan peyi Ejip, ni moun, ni bèt. Li te depatcha tout plant ak tout pyebwa+. 26 Sèl kote lagrèl la pa t tonbe se nan Gochenn, zòn kote Izrayelit yo te ye a+.
-