BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jij 6:1-5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 Men, Izrayelit yo te rekòmanse fè sa ki mal nan je Jewova+, se sa k fè Jewova te lage yo anba men moun Madyan yo pandan setan+. 2 Moun Madyan yo t ap toupizi pèp Izrayèl la+. Akoz moun Madyan yo, Izrayelit yo te fè kote pou yo kache* nan mòn yo, nan gwòt ak nan zòn ki difisil pou moun al ladan yo+. 3 Lè Izrayelit yo te plante jaden yo, moun Madyan yo, moun Amalèk yo+ ak moun ki sot nan zòn Lès yo+ te konn atake yo. 4 Yo te konn ansèkle yo, yo te konn detwi tout sa peyi a te pwodui yo rive jis Gaza. Yo pa t konn kite anyen pou Izrayelit yo manje, yo pa t kite okenn mouton, bèf oswa bourik+. 5 Yo te konn vini ak yon bann bèt ansanm ak tant. Yo te konn anpil tankou krikèt+. Moun pa t ka konte kantite yo te ye ak kantite chamo yo te genyen+. Yo te konn vini pou yo ravaje peyi a.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje