-
Jozye 4:5-7Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
5 li di yo: “Pase devan Lach Jewova, Bondye nou an, pou n al nan mitan Rivyè Jouden an, e nou chak dwe pran yon wòch met sou zepòl nou, selon kantite tribi ki gen pami Izrayelit yo, 6 pou nou ka sonje sa Bondye te fè a. Si yon lè pitit* nou yo ta mande nou: ‘Poukisa nou mete wòch sa yo la a+?’, 7 men sa nou dwe di yo: ‘Se paske dlo Rivyè Jouden an te sispann koule devan lach+ alyans Jewova a. Lè Izrayelit yo t ap travèse Rivyè Jouden an ak Lach la, dlo rivyè a te sispann koule. Wòch sa yo la pou fè pèp Izrayèl la toujou sonje sa k te pase a+.’”
-