BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 4:6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 Se pou nou byen suiv yo+ paske sa ap fè pèp ki pral tande pale de kòmandman sa yo wè nou gen sajès+ ak bon konprann+ e y ap di: ‘Vrèmanvre, moun ki nan gwo nasyon sa a se moun ki gen sajès ak bon konprann+.’

  • Jozye 1:7, 8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 “Yon sèl bagay, mete kouraj sou ou e mete anpil kran sou ou. Epi, byen suiv tout Lwa Moyiz, sèvitè m nan, te ba w la. Pa fè ni adwat ni agoch+, yon fason pou w ka aji avèk sajès nenpòt kote w ale+. 8 Pawòl ki nan liv Lalwa a dwe toujou nan bouch ou+ e ou dwe li l tou ba* lajounen kou lannuit pou w ka byen suiv tout sa ki ekri ladan l+. Konsa, tout sa w ap fè ap reyisi e w ap aji avèk sajès+.

  • 1 Wa 2:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Se pou w kontinye obeyi Jewova, Bondye w la, se pou w mache nan chemen l yo, lè w obeyi lwa l yo, kòmandman l yo, lòd li yo ak rapèl li yo jan sa ekri nan Lalwa Moyiz la+. Si w fè sa, w ap reyisi* nan tout sa w ap fè e kèlkeswa kote w ale.

  • Sòm 119:100
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 100 Mwen aji ak plis bon konprann pase ansyen yo,

      Paske, mwen obeyi lòd ou yo.

  • 2 Timote 3:14, 15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 Men ou menm, rete nan sa w te aprann yo, nan sa yo te konvenk ou pou w kwè yo+, piske w konnen nan men ki moun ou te aprann yo 15 e se depi w toupiti+ ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo+, ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre grasa lafwa nan Kris Jezi+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje