17 Detan l anwo a, li te lonje men l,
Li te pran m e li te rale m sot nan dlo ki fon yo+.
18 Li te delivre m anba men ènmi m nan ki gen fòs+,
Anba men moun ki rayi m e ki gen plis fòs pase m yo.
19 Yo te opoze avè m jou m te nan malè a+,
Men, Jewova te ede m.
20 Li te mennen m yon kote ki gen sekirite+,
Li te delivre m paske m te fè l plezi+.