BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 22:26-31
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 26 Ou fidèl ak moun ki fidèl+,

      Ou aji yon fason ki san repwòch ak moun ki san repwòch+.

      27 Ou aji byen ak moun ki gen kè yo pwòp+,

      Men, ou montre w entèlijan ak* moun ki aji yon fason ki kwochi yo+.

      28 Paske ou sove moun ki gen imilite+,

      Men, ou kont moun ki gen ògèy, e ou rabese yo+.

      29 Ou se lanp mwen, o Jewova+,

      Se Jewova ki klere m lè m nan fènwa+.

      30 Grasa èd ou, mwen ka atake yon bann vòlè,

      Grasa pisans Bondye, mwen ka grenpe yon miray+.

      31 Chemen vrè Dye a bon nèt+,

      Pawòl Jewova san fay+.

      Bondye se yon boukliye pou tout moun ki chèche refij nan li+.

  • Jòb 34:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Paske se li k ap rekonpanse yon moun pou sa moun nan fè+,

      E l ap fè l peye tou pou fason l aji.

  • Jeremi 32:19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 Ou gen gwo objektif*, ou aji avèk pisans+, ou veye tout sa lèzòm ap fè+ pou w ka fè chak moun jwenn sa yo merite pou sa yo fè, wi, pou aksyon yo+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje