BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Wa 8:66
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 66 Jou apre a*, Salomon te voye moun yo al lakay yo. Moun yo te beni wa a epi y al lakay yo. Yo t ap rejwi, kè yo te kontan pou tout bon bagay+ Jewova te fè pou David, sèvitè l la, e pou pèp Izrayèl la.

  • Sòm 13:6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  6 M ap chante pou Jewova, paske li rekonpanse m anpil*+.

  • Sòm 31:19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 Se pa ti bon w bon+!

      Ou sere bonte w pou moun ki gen lakrentif pou ou yo+,

      Ou montre bonte w devan tout moun, e w fè sa pou moun ki pran refij nan ou yo+.

  • Ezayi 63:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  7 M ap fè konnen aksyon Jewova fè ki montre lanmou fidèl li genyen.

      M ap fè louwanj pou Jewova pou aksyon li fè yo,

      Pou tout sa Jewova fè pou nou+,

      Tout bon bagay li fè pou moun Izrayèl yo,

      Paske, li gen mizèrikòd, li gen anpil lanmou.

  • Jeremi 31:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Y ap vini sou Mòn Siyon, y ap rele tèlman yo kontan+.

      Y ap kontan anpil lè yo wè jan Jewova bon avèk yo*.

      Y ap kontan poutèt manje angren, diven+, luil,

      Ti mouton ak ti bèf yo+.

      Y* ap vin tankou yon jaden ki byen wouze+

      E yo pap janm nan soufri ankò+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje