BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Sòm 49:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Li wè menm moun ki saj yo mouri.

      Ni moun ki san konprann nan ni moun ki pa rezonab la peri ansanm+,

      E yo oblije kite richès yo pou lòt moun+.

  • Eklezyas 2:18, 19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 Mwen te vin rayi tout sa m te travay di anpil pou m fè anba solèy la+, paske m oblije kite yo dèyè pou moun k ap vin apre m nan+. 19 Epitou, sa k konnen si l ap gen sajès oubyen si l ap sòt+? Epoutan, li pral gen pouvwa sou tout sa m te fè gwo efò pou m genyen grasa sajès mwen anba solèy la. Sa a tou se vanite*.

  • Eklezyas 4:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 8 Gen yon moun ki poukont li. Li pa gen okenn zanmi. Li pa gen ni pitit, ni frè. Malgre sa, li pa sispann travay di. Li pa janm kontante ak richès li genyen+. Bon, èske li konn mande tèt li: ‘Pou ki moun m ap travay di konsa, san m pa fè tèt mwen* plezi+’? Sa a tou se vanite e se yon travay ki bay dekourajman+.

  • Lik 12:19, 20
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 Apre sa, m ap di tèt mwen*: “Ou* gen anpil bon bagay la a nan depo pou anpil ane. Pran lèz kò w, manje, bwè, epi pran plezi w.”’ 20 Men, Bondye di li: ‘Egare! Aswè a menm y ap mande w vi w*. Bon, bagay ou sere yo, pou kiyès y ap ye+?’

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje