-
Ebre 9:13, 14Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 Paske, si san kabrit ak san towo bèf+ ansanm ak sann jenn gazèl bèf yo konn voye sou moun ki pa t pwòp ka fè yo vin sen pou pirifye chè yo+, 14 nou pa bezwen mande ki jan san Kris la+, Kris ki te ofri tèt li san tach bay Bondye grasa yon espri ki etènèl, ap netwaye konsyans nou pou li retire zèv ki san valè yo+, yon fason pou nou ka bay Bondye vivan an yon sèvis sakre+!
-